Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: — Senyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò. Senyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf. Eli pran ti bway la, li desann anba avè l, li renmèt li bay manman l, li di l: — Gade! Ti gason ou lan vivan! Madanm lan reponn: — Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.
Li 1 Wa 17
Koute 1 Wa 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 17:21-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo