1 Wa 16

16
1Senyè a pale ak Jeou, pitit gason #2 Kwo 16.7; 19.2 Anani. Li ba li mesay sa a pou Bacha. Li di l konsa:
2— Bacha #1 Wa 14.7 pat anyen menm. Men, mwen mete l chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Kounyeya menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m fache ak peche yo fè yo. 3Se #1 Wa 14.10 konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m te fè fanmi Jewoboram lan. 4Chen #1 Wa 14.11 pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
5Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 6#1 Wa 15.21 Bacha mouri, yo antere l lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l, ki moute wa nan plas li. 7Senyè a #1 Wa 15.27,29; 2 Kwo 19.2 te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesay sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Senyè a. Li te fè Senyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
Ela, wa peyi Izrayèl
8Wa Asa t'ap mache sou vennsizan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza. 9Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a. 10Zimri #2 Wa 9.31 antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fòtèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne reny Asa, wa peyi Jida a.
11Moute #1 Sam 25.22 Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l osinon zanmi l. 12Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Senyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a. 13Paske #Det 32.21 Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Senyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. 14Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
Zimri, wa peyi Izrayèl
15Wa #1 Wa 15.27 Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti. 16Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l, lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl. 17Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l'al sènen lavil Tiza. 18#2 Sam 17.23; 2 Wa 15.25 Zimri wè lavil la ta pral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a. 19Sa #1 Wa 15.26,34 te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Senyè a. Tankou Jewoboram, li pat fè sa ki dwat devan Senyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
20Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Omri, wa peyi Izrayèl
21Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Ginat la, wa. Mwatye te pou Omri. 22Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Ginat la. Tibni mouri, Omri moute wa.
23Se konsa nan tranteyinyèm lanne reny Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza. 24Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (6.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
25Omri #Mi 6.16 fè sa ki mal nan je Senyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l yo. 26Li #1 Wa 15.26,34 mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
27Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 28Lè Omri mouri, yo antere l lavil Samari. Se Akab, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.
Akab, wa peyi Izrayèl
29Wa Asa te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari. 30Li #1 Wa 21.25 fè sa ki mal nan je Senyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l yo. 31Non #Egz 34.16; Det 7.3; 1 Wa 21.25,26; 2 Wa 10.18 sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l'ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l'al met ajenou devan li. 32Nan #2 Wa 10.21,26,27 mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l. 33Li #Egz 34.13; 1 Wa 18.19; 21.25; 2 Wa 21.3 fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l yo pou fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
34Se #Joz 6.26; 2 Sam 10.5 pandan reny Akab la, yon nonm yo rele Iyèl, moun lavil Betèl, rebati lavil Jeriko. Men, pawòl Senyè a te di Jozye, pitit Noun lan, rive vre. Abiram, premye pitit Iyèl la, mouri lè yo t'ap fouye fondasyon lavil la, lèfini Segoub, dezyèm pitit gason Iyèl la, mouri lè yo t'ap moute pòtay lavil la.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte