Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Wa 15:1-8

1 Wa 15:1-8 HAT98

Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l te rele Maka, se te pitit fi Absalon. Abijam te lage kò l nan fè menm bagay ak papa l. Li pat sèvi Senyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. Men poutèt David, Senyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. Senyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Senyè a. Pandan tout lavi li, li pat janm dezobeyi okenn lòd Senyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la. Pandan tout reny Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Lè Abijam mouri, yo antere l nan Lavil David la, Se Asa, pitit gason l lan, ki moute sou fòtèy la nan plas li.

Li 1 Wa 15

Koute 1 Wa 15

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 1 Wa 15:1-8

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo