Pitit mwen yo, pa kite pèsonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. Si yon moun se pitit Bondye vre, li p'ap kontinye ap viv nan peche paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa li, li p'ap santi li alèz pou l'ap viv nan peche. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
Li 1 Jan 3
Koute 1 Jan 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Jan 3:7-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo