Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche. Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l pou l manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l tou, men li va peri akòz konesans ou a. Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. Pase pou yon manje fè frè m tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m pa fè frè m tonbe nan peche.
Li 1 Korent 8
Koute 1 Korent 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 8:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo