Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk kounyeya, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè. Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil. Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bòn nouvèl la ban nou. Tanpri, pran egzanp sou mwen. Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Senyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. L'a fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo. Gen kèk moun nan mitan nou ki gentan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. Kisa nou pito? Vini ak yon baton pou nou osinon ak anpil lamou, anpil dousè nan kè mwen pou nou?
Li 1 Korent 4
Koute 1 Korent 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 4:13-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo