1 Korent 15:8-34

1 Korent 15:8-34 HAT98

Apre tout moun sa yo, li te fè m wè l tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm. Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m apòt, pou jan m te pèsekite legliz Bondye a. Se favè Bondye fè m lan ki fè m sa m ye a. Men, li pat gaspiye favè l lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m lan ki fè sa konsa. Se sa k fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè. Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve sòti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò? Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè. Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve sòti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve. Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo. Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou. Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè. Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l yo, pou l mete yo anba pye li. Nan tout lènmi l yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay. Kounyeya ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo? Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa? Frè m yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Senyè nou an. Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri. Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.