Men, yon moun va mande m: Ki jan moun ki mouri yo pral leve sòti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen? Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l pa mouri anvan. Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm. Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo. Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pat gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.
Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a. Limyè solèy la gen bèlte pa l, lalin lan gen bèlte pa l, zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.
Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve sòti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri. Lè yo te antere l, li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs. Lè yo te antere l, li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki sòti nan Lespri tou. Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi. Se pa kò ki sòti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki sòti nan Lespri a vin apre. Premye Adan an, Bondye te fè l ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li sòti. Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki sòti nan syèl la. Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n sanble ak moun ki sòti nan syèl la.