Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a. Paske Kris la gen pou l gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l yo, pou l mete yo anba pye li. Nan tout lènmi l yo, se lanmò k'ap kraze an dènye. Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.
Li 1 Korent 15
Koute 1 Korent 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 15:20-28
7 Days
We're always told, "It's just another part of life," but trite sayings don't make the sting of losing a loved one any less painful. Learn to run to God when facing one of life's most difficult challenges.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo