Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve sòti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò? Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè. Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve sòti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve. Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò. Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo. Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou. Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè. Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò.
Li 1 Korent 15
Koute 1 Korent 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 15:12-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo