Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm. Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye. Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la. Yo te antere li. Li resisite sou twa jou, jan sa ekri nan Liv la tou. Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l tou. Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk kounyeya toujou. Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l ankò. Apre tout moun sa yo, li te fè m wè l tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm. Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m apòt, pou jan m te pèsekite legliz Bondye a. Se favè Bondye fè m lan ki fè m sa m ye a. Men, li pat gaspiye favè l lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m lan ki fè sa konsa.
Li 1 Korent 15
Koute 1 Korent 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 15:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo