Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li. Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini. Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt.
Li 1 Korent 13
Koute 1 Korent 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 13:4-10
5 Days
By focusing on our marriage within the context of Scripture, we give God the opportunity to reveal new insights about our relationship and strengthen our bond. This Plan features a focused passage of Scripture and quick thoughts each day to initiate discussion and prayer with your spouse. This five-day plan is a short-term commitment to help you invest in your lifelong relationship. For more content, check out finds.life.church
5 Jou
Men yon gid lekti biblik ki ape de nou fè devosyon chak maten, gid lekti sa a gen pou founi je gade sa nou ta dwe konnen sou lanmou Bondye pou nou ak kijan nou ka viv epi pataje lanmou sa a ak lòt moun nou rankontre sou chemen lavi a, tankou fanmi, zanmi, frè ak sè nan legliz e menm etranje. Chak jou yo ap mache ak yon versè akonpaye ak istwa ki montre enpòtans lanmou nan lavi yon kwayan.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo