Se poutèt sa, si yon moun manje pen Senyè a, osinon li bwè nan gode Senyè a yon jan ki pa konvnab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Senyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Senyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sa k fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. Men, Senyè a jije nou, li pini nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo. Se sa k fè, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Senyè a, se pou yonn tann lòt. Si yon moun grangou, se pou l manje lakay li, pou l pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt kèsyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.
Li 1 Korent 11
Koute 1 Korent 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 11:27-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo