Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m, pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou. Men, sa mwen vle nou konprann byen: Se Kris la ki Chèf tout gason. Se mari ki alatèt madanm li. Se Bondye ki chèf Kris la. Si yon nonm pa dekwafe li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap preche, li derespekte Kris la. Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesay ki sòti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale. Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l ou ankò pou l kale tèt li, se pou l kouvri tèt li tou. Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske, se pat avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm Bondye te kreye gason, men se pou gason Bondye te kreye fanm. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason sòti. Men, tout bagay sòti nan Bondye.
Dapre nou, eske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye? Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont. Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l cheve long li yo pou sèvi l tankou yon vwal sou tèt li. Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.
Pou sa m'ap di nou koulyeya, mwen pa fè nou konpliman menm. Paske lè nou reyini, nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen. Pou konmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) Lè nou reyini ansanm, genlè se pa manje Senyè a nou vin manje. Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gentan sou sitèlman li bwè. Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n manje, pou n bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, eske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
Paske, men sa Senyè a te fè m konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l la, Senyè Jezi te pran pen, lè li fin di Bondye mèsi li kase l, epi li di: Sa a se kò m, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l pou nou ka chonje mwen. Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Senyè a gen pou l vini an.
Se poutèt sa, si yon moun manje pen Senyè a, osinon li bwè nan gode Senyè a yon jan ki pa konvnab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Senyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Senyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sa k fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja. Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. Men, Senyè a jije nou, li pini nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.
Se sa k fè, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Senyè a, se pou yonn tann lòt. Si yon moun grangou, se pou l manje lakay li, pou l pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt kèsyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.