Frè m yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nyaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la. Yo tout te batize nan nyaj la ak nan lanmè a ansanm avèk Moyiz. Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a. Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap sòti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm. Atousa, anpil ladan yo pat fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l lan. Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l, jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo. Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
Li 1 Korent 10
Koute 1 Korent 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 10:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo