Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal. Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora.
Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni. Penwèl, yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madanm Kalèb. Se branch fanmi l lan ki te bati lavil Betleyèm.
Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara. Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari. Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan.
Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum.
Te gen yon nonm yo te rele Jabèz, ki vle di Soufrans. Nan tout fanmi li se li menm yo te plis respekte. Manman li te rele li konsa paske li te soufri anpil anpil lè li t'ap fè li. Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l:
— Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m anpil tè. Kanpe la avè m. Pa kite okenn malè rive m pou m pa soufri.
Se konsa Bondye ba li sa l te mande a.
Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton. Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka.
Kenaz te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi. Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bos Atizan yo. Tout moun sa yo te bos nan metye yo.
Kalèb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l: Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz.
Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl.
Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou.
Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa.
Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa.
Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt.
Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fen nan lavil Bètachbea yo. Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Mowab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete. Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a.