Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa, Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas, Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam, Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase, Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum. Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.
Men non fanmi wa Jojakim moun Babilon yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit. Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd.
Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya.
Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat.
Nearya te gen twa pitit gason: Elyoenayi, Izkiya ak Azrikam.
Elyoenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.