1 Kwonik 29:10-20

1 Kwonik 29:10-20 HAT98

Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. Men, kisa m ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo sòti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. Senyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nyaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. Senyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo sòti, se pou ou yo tout ye. Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Kounyeya mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. Senyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a. Tanpri, bay Salomon, pitit gason m lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l ka bati Tanp lan avèk tout materyo mwen fin pare yo. Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: — Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a.