Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa: — Senyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou? Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè kounyeya w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m tankou yon grannèg, Senyè sèl Mèt la. Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Senyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l konsa, Senyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m konnen yo. Senyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la. Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.
Li 1 Kwonik 17
Koute 1 Kwonik 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 17:16-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo