1 Kwonik 16:23-34
1 Kwonik 16:23-34 HAT98
Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo. Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Senyè a ki fè syèl la. Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l ye lakay li a. Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l. Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

