David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou. Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. David pou tèt pa l te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf. Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Joab menm rebati rès lavil la. Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l.
Li 1 Kwonik 11
Koute 1 Kwonik 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 11:4-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo