1
Sòm Yo 51:10
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
Konpare
Eksplore Sòm Yo 51:10
2
Sòm Yo 51:12
Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
Eksplore Sòm Yo 51:12
3
Sòm Yo 51:11
Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
Eksplore Sòm Yo 51:11
4
Sòm Yo 51:17
Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l.
Eksplore Sòm Yo 51:17
5
Sòm Yo 51:1-2
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo. Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.
Eksplore Sòm Yo 51:1-2
6
Sòm Yo 51:7
Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
Eksplore Sòm Yo 51:7
7
Sòm Yo 51:4
Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
Eksplore Sòm Yo 51:4