Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo. Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.