“Si, nan Saba a, ou vire pye ou,
pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an,
e rele Saba a yon gwo plezi,
epi jou sen a SENYÈ onorab,
e bay li onè,
olye chache chemen pa ou,
olye pwòp plezi pa ou,
ak pale pwòp pawòl pa w,
konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a,
e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo.
Mwen va bay ou manje,
e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a,
paske bouch SENYÈ a pale sa a.”