1
Kolosyen Yo 2:6-7
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
Konpare
Eksplore Kolosyen Yo 2:6-7
2
Kolosyen Yo 2:8
Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
Eksplore Kolosyen Yo 2:8
3
Kolosyen Yo 2:13-14
Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a.
Eksplore Kolosyen Yo 2:13-14
4
Kolosyen Yo 2:9-10
Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.
Eksplore Kolosyen Yo 2:9-10
5
Kolosyen Yo 2:16-17
Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vrè sibstans lan apatyen a Kris.
Eksplore Kolosyen Yo 2:16-17
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo