“Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul ki avèk l; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l. Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.