1
I Pierre 3:15-16
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye. Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.
Konpare
Eksplore I Pierre 3:15-16
2
I Pierre 3:12
Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
Eksplore I Pierre 3:12
3
I Pierre 3:3-4
Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.
Eksplore I Pierre 3:3-4
4
I Pierre 3:10-11
Paske: “Sila ki dezire lavi a, pou renmen e wè anpil jou ki bon, dwe gade lang li kont sa ki mal e lèv li kont bay manti. Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.
Eksplore I Pierre 3:10-11
5
I Pierre 3:8-9
Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri. Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
Eksplore I Pierre 3:8-9
6
I Pierre 3:13
Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?
Eksplore I Pierre 3:13
7
I Pierre 3:11
Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.
Eksplore I Pierre 3:11
8
I Pierre 3:17
Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.
Eksplore I Pierre 3:17
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo