Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Vèsè popilè nan Bib la ki soti nan Pwovèb 6

1

Pwovèb 6:16-19

1998 Haïtienne

HAT98

Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan, se moun k'ap kouve lide mechanste nan tèt yo, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal, se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.

Konpare

Eksplore Pwovèb 6:16-19

2

Pwovèb 6:6

1998 Haïtienne

HAT98

Ou menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.

Konpare

Eksplore Pwovèb 6:6

3

Pwovèb 6:10-11

1998 Haïtienne

HAT98

W'ap di: Kite m fè yon ti dòmi. Kite m fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m pou m pran yon ti repo. Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Lamizè ap tonbe sou ou tankou vòlè nan granchemen.

Konpare

Eksplore Pwovèb 6:10-11

4

Pwovèb 6:20-21

1998 Haïtienne

HAT98

Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.

Konpare

Eksplore Pwovèb 6:20-21

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Pwovèb 6

Chapit Avan yo
Chapit suivan
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo