W'a di yo men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a. Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m, se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.