Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Vèsè popilè nan Bib la ki soti nan Ezayi 44

1

Ezayi 44:3

1998 Haïtienne

HAT98

M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.

Konpare

Eksplore Ezayi 44:3

2

Ezayi 44:6

1998 Haïtienne

HAT98

Senyè ki wa pèp Izrayèl la, Senyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: — Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.

Konpare

Eksplore Ezayi 44:6

3

Ezayi 44:22

1998 Haïtienne

HAT98

Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.

Konpare

Eksplore Ezayi 44:22

4

Ezayi 44:8

1998 Haïtienne

HAT98

Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l.

Konpare

Eksplore Ezayi 44:8

5

Ezayi 44:2

1998 Haïtienne

HAT98

Men sa Senyè ki te kreye nou an, Senyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: — Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.

Konpare

Eksplore Ezayi 44:2

Chapit Avan yo
Chapit suivan
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo