Bible App logo
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 86

86
Yon priyè a David
1Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.
Paske mwen #Sòm 40:17 aflije e malere.
2 # Sòm 25:20 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.
Ou menm, Bondye mwen an,
sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.
3Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske
se #Sòm 25:5 a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
4Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,
paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
5Paske Ou menm, Senyè a,
Ou plen bonte e Ou #Sòm 130:4prèt pou padone,
ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila
ki rele sou non Ou yo.
6 # Sòm 55:1 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.
Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.
7Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,
paske #Sòm 17:6 Ou va reponn mwen.
8Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,
ni nanpwen zèv #Det 3:24 tankou pa Ou yo.
9 # Sòm 22:27 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou
adore devan Ou, O Senyè,
e yo va bay non Ou glwa.
10Paske Ou gran e #Egz 15:11fè zèv ki mèvèye.
Se Ou sèl ki Bondye.
11Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.
Mwen va mache nan verite Ou.
# Jr 32:39 Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
12Mwen va #Sòm 111:1 ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.
Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.
13Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,
e Ou te #Sòm 30:3 delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.
14O Bondye, mesye awogan yo te #Sòm 54:3 leve kont mwen,
yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.
Yo pa mete Ou devan yo.
15Men Ou menm, O SENYÈ,
Ou se yon Bondye ki #Sòm 86:5 plen ak gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
16Vire vè mwen e fè m gras.
O #Sòm 68:35 dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,
e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
17Montre m yon sign bonte Ou,
pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.
Paske Ou menm, O SENYÈ, #Sòm 78:69 te fè m sekou, e te konsole mwen.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 86: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión