Sòm Yo 80
80
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph
1O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,
Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,
Ou menm ki #Egz 25:22 chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
2Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou.
Vin bannou sekou!
3O Bondye, restore nou!
#
Nonb 6:25
Fè vizaj Ou briye sou nou
e nou va sove.
4O Bondye dèzame yo,
#
Sòm 79:5
pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
5Ou te bay yo #Sòm 42:3 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.
Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
6Ou fè nou vin yon objè konfli devan #Sòm 44:13 vwazen nou yo.
Lènmi nou yo ri pami yo menm.
7O Bondye dèzame yo, restore nou!
Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
8Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.
Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te #Jr 11:17plante li la.
9Ou te netwaye tè a devan l.
Li te #Os 14:5anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
10Mòn yo te kouvri ak lonbraj li.
#
Jen 49:22
Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
11Li te voye branch li yo rive #Sòm 72:8 jis nan lanmè,
ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
12Poukisa Ou te #Sòm 89:40 kraze tout kloti li yo,
pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
13Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann
e bèt sovaj chan an manje sou li.
14O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,
nou sipliye Ou, souple.
#
Sòm 102:19
Gade soti anwo nan syèl la pou wè,
e okipe pye rezen sila a.
15Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,
e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
16Li fin brile ak dife.
Li fin koupe atè nèt.
Yo peri ak repwòch devan Ou.
17Kite #Sòm 89:21 men Ou rete sou nonm nan
ki se moun men dwat Ou a,
sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
18Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.
Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
19O SENYÈ dezame yo, restore nou.
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
Actualmente seleccionado:
Sòm Yo 80: BSA
Destacar
Copiar
Comparar
Compartir
¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión
Copyright © 2017-2023 Ron Smith