Bible App logo
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 78

78
Yon Sòm a Asaph
1 # És 51:4 Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.
Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
2Mwen va #Sòm 49:4 ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.
Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
3ke nou te tande, konnen e ke
# Sòm 44:1 papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
4Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va #Egz 13:8pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
5Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta #Det 4:9 enstwi yo a pitit pa yo.
6Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e #Det 11:19 pale yo a pitit yo,
7pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men #Det 4:2 kenbe kòmandman Li yo.
8Pou yo #II Wa 17:14 pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
9Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo.
Sepandan, nan jou batay la, #Jij 20:39 yo te fè bak.
10Yo #Jij 2:20 pa t kenbe akò yo ak Bondye
e te refize mache nan lalwa Li.
11Yo te #Sòm 106:13 bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
12Li te fòje mirak yo devan zansèt yo,
nan peyi Égypte la ak nan #Nonb 13:22chan Tsoan an.
13Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann.
Li te fè dlo yo #Egz 15:8kanpe wo tankou yon gwo pil.
14Apre, Li te dirije yo avèk nwaj
nan lajounen e nan tout nwit lan avèk #Egz 14:24 limyè dife.
15Li te #Egz 17:6 fann wòch yo nan dezè a
e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
16Li te #Nonb 20:8 fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la,
e te fè dlo desann tankou larivyè.
17Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,
e fè #Det 9:22 rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
18Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv
lè yo te mande #Nonb 11:4manje selon dezi yo.
19Wi, yo te pale kont Bondye.
Yo te di: #Egz 16:3 “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
20Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo
kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde.
Èske Li kapab bay pen tou?
Èske Li kab #Nonb 11:18founi vyann pou pèp Li a?”
21Pou sa, SENYÈ a te tande e te #Nonb 11:1 ranpli ak kòlè.
Konsa, yon dife te limen kont Jacob,
e chalè te monte tou kont Israël.
22Paske yo #Det 1:32 pa t kwè nan Bondye,
e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
23Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te #Jen 7:11 louvri pòt syèl yo.
24Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo,
pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
25Lòm te manje manje a zanj yo.
Li te voye manje ba yo an abondans.
26Li te #Nonb 11:31 fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li,
Li te dirije van sid la.
27Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè,
menm #Egz 16:13 zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
28Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
29Konsa, yo te #Nonb 11:19-20 manje vant plen,
e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
30Avan, yo te satisfè dezi yo,
# Nonb 11:33 pandan manje a te toujou nan bouch yo,
31 # Nonb 11:33-34 kòlè Bondye te leve kont yo e
te touye kèk nan pi vayan pami yo.
Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
32Malgre tout sa, yo te peche toujou,
e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
33Akoz sa, Li te fè #Nonb 14:29-35 jou yo fini mal,
e ane yo nan laperèz sibit.
34Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te #Nonb 21:7 chache Li.
Yo te retounen chache Li ak dilijans.
35Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, #Egz 15:13 redanmtè yo.
36Men yo te #Egz 24:7-8 twonpe Li ak bouch yo.
Yo te manti a Li ak lang yo.
37Paske kè yo pa t #Sòm 51:10 fèm vè Li menm,
ni yo pa t fidèl selon akò Li.
38Men Li menm, akoz mizerikòd Li,
te padone inikite yo, e pa t detwi yo.
Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
39Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye,
yon #Job 7:7-16 van pase ki pa retounen ankò.
40Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a,
e te #Sòm 95:10fè L soufri lapèn la nan savann an!
41Anpil fwa, yo te pase Bondye a #Nonb 14:22 leprèv,
epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.
42Yo #Jij 8:34 pa t sonje pwisans Li,
ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
43lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte
ak #Egz 4:21mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
44Li te chanje rivyè yo an san.
Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
45Li te voye pami yo mouch
an gran kantite ki te devore yo,
avèk #Egz 8:6krapo ki te detwi yo.
46Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a,
ak pwodwi travay yo a #Egz 10:14 krikèt la.
47Li te detwi chan fwi yo ak #Egz 9:23-25 lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
48Li te bay #Egz 9:19 bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
49Li te #Egz 15:7 voye sou yo chalè kòlè Li,
gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub,
ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
50Li te fè yon chemen pou lakòlè Li.
Li pa t epagne nanm yo de lanmò,
men te #Egz 12:29-30 bay lavi yo a gwo fleyo.
51Li te frape di tout premye ne an Égypte yo,
premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
52Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton.
Li te dirije yo nan dezè a #Sòm 77:20 tankou yon twoupo.
53Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men #Egz 14:27-28 lanmè te vale lènmi yo.
54Konsa, #Egz 15:7 Li te mennen yo nan peyi sen Li an,
vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
55Anplis, li te chase nasyon yo devan yo,
te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e
te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
56Sepandan, yo te tante e #Jij 2:11-13 fè rebèl kont Bondye Pi Wo a,
e pa t kenbe temwayaj Li yo,
57men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo.
Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
58Paske yo te pwovoke Li avèk #Lev 26:30 wo plas yo,
e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
59Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè,
e te #Lev 26:30vin deteste Israël anpil.
60Jiskaske Li te abandone abitasyon
Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
61e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite,
glwa Li nan men advèsè a.
62Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e
te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
63Dife te devore jennonm Li yo e
# Jr 7:34 vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.
64 # I Sam 4:17 Prèt Li yo te tonbe pa nepe e
Vèv Li yo pa t kab kriye.
65Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye,
tankou yon #És 42:13 gèrye ki rele fò akoz diven.
66Li #I Sam 5:6 te pouse advèsè Li yo fè bak.
Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
67Anplis, Li te #Sòm 78:60 rejte tant Jospeh la,
ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
68Men Li te chwazi tribi Juda a,
Mòn #Sòm 87:2 Sion ke Li te renmen anpil la.
69Li te #I Wa 6:1-38 bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo,
tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
70Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a.
Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
71sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris,
Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a,
avèk #I Sam 10:1Israël, eritaj Li a.
72Konsa, Li te fè bèje yo selon #I Wa 9:4 entegrite kè l,
e te gide yo avèk men abil li.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 78: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión

Video de Sòm Yo 78