Sòm Yo 73
73
LIV 3
Yon Sòm Asaph
1Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki #Sòm 24:4 san tach yo!
2Men pou mwen, #Sòm 94:18 pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan #Job 21:7mechan yo te byen reyisi.
4Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl #Jen 41:42 kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7Zye yo anfle nan mitan #Job 15:27 grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8Yo #Sòm 1:1 giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9Nan bouch #Rev 13:6 yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè #Sòm 23:5 gran sous yo nèt.
11Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou #Jr 49:31 alèz, yo te agrandi richès yo.
13Anverite, #Job 21:15 se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa #Job 33:9 chatiman chak maten.
15Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi #Sòm 14:5 jenerasyon pitit Ou yo.
16Lè m te #Ekl 8:17 reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta #Sòm 37:38 fini.
18Anverite, Ou te mete yo kote ki #Sòm 35:6 glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19Men kijan yo va #Nonb 16:21 detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va #I Sam 2:30 meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21Lè kè m te vin anmè,
e kè m te #Trav 2:37 pike anndan m,
22alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon #Job 18:3bèt devan Ou.
23Sepandan, #Sòm 16:8 mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, #Jen 5:24resevwa mwen nan laglwa.
25 #
Sòm 16:2
Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 #
Sòm 38:10
Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27Paske gade byen, sila ki lwen yo va #Sòm 37:20 peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, #Sòm 14:6refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
Actualmente seleccionado:
Sòm Yo 73: BSA
Destacar
Copiar
Comparar
Compartir
¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión
Copyright © 2017-2023 Ron Smith