Logo de YouVersion
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 15

15
Yon sòm David
1O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou #Sòm 24:3 mòn sen Ou an?
2Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
4nan zye a sila yon vagabon meprize a,
men ki #Trav 28:10bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo;
li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal,
e li pa chanje menm;
5Li pa vèse bay lajan li avèk enterè,
ni #Egz 23:8li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an.
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 15: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión

Video de Sòm Yo 15