Logo de la Biblia App
Ícono Búsqueda

Ésaïe 55

55
1“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
2Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,
ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?
Koute Mwen avèk atansyon, #Sòm 22:26manje sa ki bon
e pran plezi nou an abondans.
3Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv.
# Trav 13:34 Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
4Gade byen, Mwen te bay #Sòm 18:43li kon yon temwen a pèp la,
yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
5Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;
yon nasyon ki pa rekonèt ou va #Za 8:22kouri bò kote ou,
akoz SENYÈ Bondye ou a,
ak Sila Ki Sen an Israël la;
paske Li te bay ou glwa.”
6 # Sòm 32:6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 # És 1:16-19 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
8“Paske, panse pa Mwen yo se pa #És 65:2panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9Paske #Sòm 103:11tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
10Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay #II Kwo 9:10semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li #És 44:26p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
12Paske ou va sòti ak #Sòm 105:43kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye #És 5:6machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.

Actualmente seleccionado:

Ésaïe 55: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión