1
I Jean 2:15-16
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li. Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
موازنہ
تلاش I Jean 2:15-16
2
I Jean 2:17
Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
تلاش I Jean 2:17
3
I Jean 2:6
Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
تلاش I Jean 2:6
4
I Jean 2:1
Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.
تلاش I Jean 2:1
5
I Jean 2:4
Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
تلاش I Jean 2:4
6
I Jean 2:3
Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.
تلاش I Jean 2:3
7
I Jean 2:9
Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l se nan tenèb la jiska prezan.
تلاش I Jean 2:9
8
I Jean 2:22
Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la.
تلاش I Jean 2:22
9
I Jean 2:23
Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
تلاش I Jean 2:23