බයිබල් යෙදුම් ලාංඡනය
සෙවුම් නිරූපකය

Women Yo 10

10
1Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2Paske mwen temwaye de yo ke yo #Trav 21:20gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3Paske san konesans de #Wo 1:17ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4Paske #Wo 7:1-4Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5Moïse te ekri ke moun #Lev 18:5ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6Men #Wo 9:30ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: #Det 30:12“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou #Eb 13:20mennen Kris sòti nan lanmò).” 8Men kisa sa di? #Det 30:14“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke #Trav 2:24Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11Paske Ekriti Sen an di: #És 28:16“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12Paske #Wo 3:22,29pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13Konsa, #Jl 2:32“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li #Ef 2:17si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san #Trav 8:31yon predikatè? 15Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
# És 52:7 “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay bèl yo!”
16Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: #És 53:1“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17Konsa lafwa soti nan #Gal 3:2,5tande, e tande pa #Kol 3:16pawòl a Kris la. 18Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:
# Sòm 19:4 “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
19Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:
# Det 32:21 “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
20Ésaïe, ak kouraj te di: #És 65:1“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;
Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
21Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

දැනට තෝරාගෙන ඇත:

Women Yo 10: BSA

සළකුණු කරන්න

පිටපත් කරන්න

සසඳන්න

බෙදාගන්න

None

ඔබගේ සියලු උපාංග හරහා ඔබගේ සළකුණු කල පද වෙත ප්‍රවේශ වීමට අවශ්‍යද? ලියාපදිංචි වී නව ගිණුමක් සාදන්න හෝ ඔබගේ ගිණුමට ඔබගේ ගිණුමට පිවිසෙන්න