Matthïeu 12
12
1Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. 2Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki #Mat 12:10pa pèmi nan yon jou Saba.”
3Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? 4Jan li te antre nan kay Bondye a, e #I Sam 2:16te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? 5Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? 6Men Mwen di nou ke yon choz #II Kwo 6:18pi gran pase tanp lan isit la. 7Men si nou te konnen kisa sa vle di: #I Sam 6:6‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. 8Paske #Mat 8:20Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
9Konsa, Li te #Mc 3:1-6kite la e te ale nan sinagòg yo. 10Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: #Mat 12:2“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11Li te reponn yo: #Luc 14:5“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12#Mat 10:31Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” #Mat 8:3Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14Men Farizyen yo te soti deyò, pou #Mat 26:4fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e #Mat 4:23Li te geri yo tout.
16Epi Li te #Mat 8:4pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18 #
És 42:1
“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;
#
Mat 3:17
byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.
M ap mete lespri Mwen sou Li,
e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19 #
És 42:2
Li p ap diskite, ni kriye;
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20 #
És 42:3
Yon wozo brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji k ap toufe,
Li p ap tenyen,
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21 #
Wo 15:2
Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
22 #
Mat 9:32,34 Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab #Mat 9:27Fis a David?” 24Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap #Mat 9:34chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25 #
Mat 23:27
Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26Si se #Mat 4:10Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27Epi si Mwen menm #Trav 19:13pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28Men #I Jn 3:8si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30 #
Mc 9:40
“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31#Luc 12:10Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32#Luc 12:10Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan #Mat 13:22,39laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. #Mat 7:16-18Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34#Mat 3:7Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35#Pwov 10:20,21Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36Epi Mwen di nou ke nan #Mat 10:15jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: #Mat 16:1“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39Men li te reponn yo konsa: #Mat 16:4“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40Menm jan ke #Jon 1:17Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase #Mat 16:21twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske #Jon 3:5yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42#I Wa 10:1Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43 #
Luc 11:24-26
“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi #Mc 5:9dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46 #
Mc 3:31-35
Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
දැනට තෝරාගෙන ඇත:
Matthïeu 12: BSA
සළකුණු කරන්න
පිටපත් කරන්න
සසඳන්න
බෙදාගන්න
ඔබගේ සියලු උපාංග හරහා ඔබගේ සළකුණු කල පද වෙත ප්රවේශ වීමට අවශ්යද? ලියාපදිංචි වී නව ගිණුමක් සාදන්න හෝ ඔබගේ ගිණුමට ඔබගේ ගිණුමට පිවිසෙන්න
Copyright © 2017-2023 Ron Smith