1
Jenèz 37:5
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
താരതമ്യം
Jenèz 37:5 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
2
Jenèz 37:3
Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè.
Jenèz 37:3 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
3
Jenèz 37:4
Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.
Jenèz 37:4 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
4
Jenèz 37:9
Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.”
Jenèz 37:9 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
5
Jenèz 37:11
Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
Jenèz 37:11 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
6
Jenèz 37:6-7
Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”
Jenèz 37:6-7 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
7
Jenèz 37:20
Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
Jenèz 37:20 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
8
Jenèz 37:28
Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
Jenèz 37:28 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
9
Jenèz 37:19
Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
Jenèz 37:19 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
10
Jenèz 37:18
Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
Jenèz 37:18 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
11
Jenèz 37:22
Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
Jenèz 37:22 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
ആദ്യത്തെ സ്ക്രീൻ
വേദപുസ്തകം
പദ്ധതികൾ
വീഡിയോകൾ