1
Egzòd 6:6
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
“Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
താരതമ്യം
Egzòd 6:6 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
2
Egzòd 6:7
“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
Egzòd 6:7 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
3
Egzòd 6:8-9
Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’” Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
Egzòd 6:8-9 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
4
Egzòd 6:1
SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
Egzòd 6:1 പര്യവേക്ഷണം ചെയ്യുക
ആദ്യത്തെ സ്ക്രീൻ
വേദപുസ്തകം
പദ്ധതികൾ
വീഡിയോകൾ