Logo YouVersion
Icona Cerca

Mat 2

2
Jezi resevwa vizit maj yo
1Jezi te fèt nan yon ti vil yo rele Bètleyèm, nan rejyon Jide, sou reny wa Ewòd. Apre sa, kèk maj ki sòti an Oryan te vini Jerizalèm. 2Yo te poze kesyon sa a: “Kote pitit ki dwe vin wa Juif yo? Paske, nou te wè zetwal li nan syèl la, konsa, nou vini pou adore l.”
3Pawòl sa a te lage gwo latwoublay nan tèt wa Ewòd ak nan tèt tout moun nan vil Jerizalèm. 4Konsa, li rasanble tout chèf sakrifikatè yo ak tout pwofesè nan lalwa Moyiz la, epi li mande yo ki kote Mesi a gen pou fèt. 5Yo reponn li: “Nan Bètleyèm, nan rejyon Jide, dapre sa pwofèt la te ekri a:
6Ou menm Bètleyèm, ki nan teritwa Jida.
Se sèten ou konte pami gwo vil Jida yo.
Paske gen yon gwo chèf k ap soti lakay ou.
L ap tankou yon bèje nan tèt Izrayèl, pèp mwen an.”#Mi 5:2.
7Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la. 8Apre yo fin pale, Ewòd voye maj yo ale Bètleyèm. Epi li di yo: “Al pran bon jan enfòmasyon sou ti pitit la, lè nou jwenn li n a fè m konnen, paske mwen menm tou m ta vle adore l.”
9Lè maj yo fin tande sa Ewòd di a, y al fè wout yo. Apre sa, zetwal yo te wè lè yo te an Oryan an reparèt, li kondui yo jouktan l rive sou kote pitit la te ye a. 10Se pa ti kontan yo te kontan lè yo te wè zetwal la parèt.
11Maj yo antre anndan kay la, yo wè pitit la ak manman li, Mari. Yo mete ajenou epi yo adore li. Apre sa, yo louvri valiz yo epi yo fè pitit la kado: lò, lansan, ak lami. 12Men, kòm Bondye te avèti maj yo nan yon rèv pou yo pa retounen bò kote Ewòd ankò, yo pran yon lòt chemen pou retounen nan peyi yo.
Jozèf ak Mari mennen Jezi nan peyi Ejip
13Touswit apre maj yo fin pati, yon anj Senyè a te parèt devan Jozèf nan yon rèv. Zanj lan di li: “Leve! Degaje w pran pitit la ak tout manman l, ale nan peyi Ejip. Ewòd gen entansyon chache ti pitit la pou touye l. Rete nan peyi Ejip jouktan mwen di w lè pou w retounen.”
14Jozèf pran manman an ak tout pitit la, li pati pandan lannuit la pou ale an Ejip. 15Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.”#Oze 11:1.
Ewòd touye tout bebe gason nan Bètleyèm
16Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la. 17Konsa, sa fè nou konprann pi byen pwofesi Jeremi an:
18“Yon rèl pete nan Rama.
Se yon rèl lanmò ak dezolasyon.
Rachèl ap kriye pou pitit li yo.
Li refize tout konsolasyon.
Paske pitit li yo mouri.”#Jer 31:15.
Jozèf ak Mari retounen nan peyi yo
19Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip. 20Li di l: “Leve! Pran pitit la ak manman l, retounen nan peyi Izrayèl. Moun ki te vle touye l yo gen tan mouri.”
21Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. 22Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito. 23Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”#2:23 Nazarèt Moun Nazarèt oubyen Nazareyen. Mo sa a sonnen nan lang ebre a tankou “branch”. Konsa li posib Bondye t ap fè referans a pwomès branch li te fè fanmi David. Gade nan Eza 11:1; Jer 23:5; 33:15; Zak 3:8; 6:12.

Attualmente Selezionati:

Mat 2: VKF

Evidenziazioni

Condividi

Copia

None

Vuoi avere le tue evidenziazioni salvate su tutti i tuoi dispositivi?Iscriviti o accedi

YouVersion utilizza i cookie per personalizzare la tua esperienza. Utilizzando il nostro sito Web, accetti il nostro utilizzo dei cookie come descritto nella nostra Privacy Policy