Mache nan Objektif BondyeEgzanp

Mache nan Objektif Bondye

JOU 6 SOU 6

Kenbe Objektif Ou a

Li klè pou nou dyab la pa vle ou mache nan volonte Bondye. Li pral fè tout sa li kapab pou detwi desten ou. Se poutèt sa, li enpòtan pou ou konnen kijan pou pwoteje objektif ou.

David te retounen apre li te bat Golyat epi tout pèp Izrayèl t ap fè lwanj li – sa te fè Sayil jalou – e se konsa ane danje ak pwoblèm David yo te komanse akoz jalouzi Sayil. Sayil te deside detwi objektif David. Pitit gason Sayil la ki te pi bon zanmi David la, Jonatan, te avèti David kijan Sayil te vle touye l, epi David te kouri al kache. Kòm yon moun k ap charye dèyè li objektif Bondye, ou bezwen kouri lwen moun ki vle anpeche oswa detwi desten ou. Pa tout moun ki konprann kote Bondye te pran w ak kote Li pral mennen w.

Ou ka menm bezwen kouri ale nan yon fòm de dezè, menm jan David te fè a, paske Bondye vle fòme ak rafine ou pandan Li ap retire w nan zòn kote w santi ou konfòtab la epi Li ap mete w devan defi difisil. Se pa pou detwi objektif ou, men okontrè pou byen prepare w. Lò pase nan dife anvan li klere ak tout bèlte li. Menm jan an, anvan Bondye mete w devan mond lan, Li ka kite w pase nan dife. Erezman, Li pwomèt pou li avè w epi pwoteje w lè w ap pase nan dife ak dlo.

Pou pwoteje objektif Bondye sou lavi ou, premye etap la se etidye epi rete fidèl ak Pawòl Bondye. Menm jan ak David, Pawòl Bondye a se yon lanp pou klere kote w ap mete pye ou epi li se yon limyè sou chemen ou. Prepare panse w pou pa kwè nan manti dyab la. Sa mond lan di sou ou pa defini ki moun ou ye oswa kote Bondye ap mennen w. Pi bon fason pou pwoteje objektif ou se kwè ak tout kè ou sa Papa selès ou di sou ou nan Pawòl Li ( Pa sa rezo sosyal yo di sou ou).

Dezyèmman, aprann kijan pou soumèt epi obeyi yon mentò- sa vle di yon moun ki ap gide wout nan ba ou bon konsèy. Ou bezwen mo ankourajan moun ki yon ti jan pi devan pase ou nan vwayaj lavi a.

Twazyèmman, disponib pou sèvi. Si w twò gwo pou sèvi, donk ou twò piti pou dirije. Tout moun ki gran yon fwa yo te sèvitè. Menm David te sèvi yon wa Izrayèl nan yon moman, epi pita li te vin wa li menm. Si rèv ou se vin yon gwo mizisyen, alò chèche yon depatman mizik nan legliz lokal ou epi kòmanse sèvi, menm nan fason ki pi piti a.

Katriyèmman, rete nan imilite. Bondye opoze moun ki gen lògèy men Li vide favè Li sou moun ki mache nan imilite. Lè nou gen imilite epi nou fè Bondye konfyans, Li leve nou lè lè a rive.

Se pou limyè ou klere jouk nan bout mond lan pandan w va viv nan kè kontan nan objektif Bondye sou lavi ou!

Konsènan Plan sa a

Mache nan Objektif Bondye

Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.

More

Nou ta renmen remèsye Mount Zion Faith Ministry paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://mountzionfilm.org/