Mache nan Objektif BondyeEgzanp

Sèvi Ak Wòch Ou Yo
Lè mwen te yon ti gason, papa mwen te achte yon fistibal pou fè lachas zwazo. Li pa t fasil pou itilize sof si ou te konnen epi genyen eksperyans pou sèvi avè l. Mwen te renmen fistibal papa m nan, men malerezman, mwen pa t ka sèvi avè l. Mwen pa t antrene tèt mwen pou fè sa.
David te gen yon zouti ki sanble ak fistibal sa a, men se pa nan jou li t ap fè ak Golyat la li te kòmanse itilize frond li ak wòch yo. Li te konn itilize yo depi lontan, devlope konpetans li epi antrene tèt li pou l ka defann mouton papa l yo.
Li enteresan pou note sa, yo te ofri David pou li mete rad ak kas Sayil la men li te refize. Yo te twò gwo, twò lou. Yo tap rann li enkapab devan Golyat. Li te konprann se Bondye ki te prepare l pou sèvi ak frond li, epi li te rete ak sa.
Nan inivèsite, mwen te pasyone pou fè sinema evanjelik. Mwen te vle ekipman dènye modèl pou fè rèv sa a yon reyalite. Mwen te di papa m mwen te vle ale nan yon lekòl sinema nan Nouyòk. Li te di m li pa t gen lajan pou sa. Li te raple m rezon mwen ta dwe vle fè fim se pou beni moun, men pa pou fè wè oubyen montre konpetans mwen, epi li te konseye m pou m antrene tèt mwen ak zouti mwen te genyen nan men mwen yo. Tout sa mwen te genyen nan men mwen se te yon ansyen telefòn. Mwen te mande Bondye pou antrene m, epi mwen te byen vit aprann, Sentespri se pi gwo pwofesè ou ka genyen. Mwen te kòmanse sèvi ak telefòn mobil mwen pou fè fim kout. Mwen te poste yo sou YouTube, epi yo te beni anpil moun. Mwen pa t kanpe la. Mwen te kontinye fè plis fim ak zouti limite m yo, non pwofesyonèl mwen yo jiskaske mwen metrize sa m ap fè a.
Prensip sa a aplike nan lavi David. Li pa t abitye ak epe oswa zam lagè. Li te abitye ak frond li ki pa pwofesyonèl ak wòch yo, epi li te metrize zouti l ap sèvi avè yo a pwofesyonèlman.
Li bon pou kòmanse piti pandan nou ap mache nan objektif Bondye pou lavi nou. Se Bondye ki te desine pwosesis kwasans lan konsa. Yon lè yon forè te yon sèl pyebwa. Yon lè yon pyebwa te yon sèl grenn. Anpil moun reve vin yon forè, men yo pa vle kòmanse nan etap grenn lan. Pa fòse pwosesis antrenman ou lan. Pa prese sèvi ak epe pandan Bondye ap kontinye antrene w ak wòch. David te sajman refize zam ak epe Sayil la, olye li te chwazi senk wòch. Li dwe te parèt sòt nan je moun ki te antoure l yo, men sanble David te konprann se pa tout opòtinite oswa pòt ki louvri devan ou ki soti nan Bondye. David te konprann prensip kwasans lan tou. Li te konnen li pa t nan tan pou epe - sa t ap vini pita. Li te chwazi sa ki te adapte ak nivo preparasyon li: wòch yo.
Wòch David yo te ka sanble ak zam brital, non tradisyonèl, men rezilta yo te pote laglwa pou li paske li te sèvi ak resous li te genyen nan men l. Bondye ap rele ou pou fè menm bagay la.
Konsènan Plan sa a

Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.
More
Nou ta renmen remèsye Mount Zion Faith Ministry paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://mountzionfilm.org/
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Grandi Nan Sanktifikasyon

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Bondye pa ChatGPT

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a
