Mache nan Objektif BondyeEgzanp

Mache nan Objektif Bondye

JOU 4 SOU 6

Preparasyon Pote Manifestasyon

Kòm yon papa, mwen pa kite pitit fi mwen ki gen dezan jwe ak bagay tankou kouto paske li poko pare pou sa. Mwen vle kenbe li an sekirite, kidonk mwen prefere kite l jwe ak jwèt li yo pito. Kòm Papa nou, Bondye pwoteje nou kont bagay nou pa pare pou jere. Nou ka sipliye Bondye pou yon bagay ki gen valè oswa itil, nou konnen Li ka bay, men Li ka kenbe li jiskaske nou pare nèt pou resevwa benediksyon Li. Nou ka anvi mirak la, men Bondye ap chèche wè si nou prepare avan.

Prensip preparasyon sa a parèt a klè nan lavi David. Li te kapab bat Golyat – gwo gerye, san rival la – paske li te pratike ladrès li sou lyon ak sou bèt yo rele lou a pandan li t ap veye mouton papa li yo (epi lè pesonn pa t ap gade l).

Nou tout vle demontre don ak objektif nou pi vit posib – men sa vo lapenn pou yon moun byen prepare. Anpil fwa, preparasyon fèt an kachèt kote pesonn pa wè ou nonplis wè siksè ou. Men lè pesonn moun pa wè ou, Bondye wè ou. Li ap egzèse men ou pou lagè. Pa dekouraje lè pesonn pa apresye ou pou gwo travay ou ap fè. Pa prese chache fè moun wè ou lè Bondye poko fini ak preparasyon li pou lavi ou.

Seyè a te prepare David kòm yon ti bèje k ap pran swen mouton papa li. Akòz sa, Bondye te konsidere l diy pou pran swen mouton Izrayèl la. Li te fidèl nan ti bagay yo. Konsa li te pare pou fidèl nan gwo bagay yo.

Anpil moun vire do bay sa ki ta ka yon fondasyon pou manifestasyon yo ak angrenaj yo, paske yo fikse je yo sou gwo bagay oubyen gwo opòtinite, epi yo meprize ti responsablite ki ta ka louvri pòt enpòtan nan lavi yo. Ti travay sa yo se preparasyon pou rive nan objektif sou lavi ou la kapab manifeste pou mond lan wè. Si David te meprize mouton papa l yo epi neglije yo, li pa t ap gen ankenn eksperyans nan anyen pou rapòte bay Sayil lè opòtinite a te vini paske se sou baz siksè ak fidelite li nan ti travay la ke Sayil te konsidere l diy pou pran gwo responsablite.

Gen anpil rezon ki fè moun kouri kite travay ak responsablite espesyalman nan ministè a Bondye. Gen kèk ki santi yo p ap wè yo; gen kèk ki santi se yon tan pèdi; gen kèk ki santi sèvi nan legliz la pa rentab ase. Sa yo pa konnen se lè ou bay tout ou lè pesonn pa wè ou oswa rekonpanse ou, ou ap prepare yon fondasyon pou avni ou kapab manifeste.

Kidonk, rete okipe nan plas kote w kache a. Pa pousuiv rekonesans, glwa oubyen lajan. Pouswiv valè ak objektif Bondye pou ou. Pa sèvi Bondye pou sa ou vle pran nan men Li, sèvi L paske ou vle bay tout ou nan men Li. Epi Bondye ki wè sa ou ap fè an kachèt ap rekonpanse ou.

Konsènan Plan sa a

Mache nan Objektif Bondye

Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.

More

Nou ta renmen remèsye Mount Zion Faith Ministry paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://mountzionfilm.org/