Mache nan Objektif BondyeEgzanp

Mache nan Objektif Bondye

JOU 3 SOU 6

Objektif Ki Moun?

Kòm yon jèn gason, mwen te gen yon rèv pou vin pi bon sinematograf nan peyi mwen. Mwen te toujou li liv ak gade tutoryèl ki te ranfòse anbisyon mwen. Men, pandan relasyon mwen ak Bondye t ap grandi pi fon, mwen reyalize, rèv mwen te manke sibstans reyèl la e li pa janm rive reyisi paske rèv sa a te twò santre sou mwen menm. Li pa t janm sou Jezi. Men lè mwen remèt rèv mwen bay Jezi, mwen te fè eksperyans vrè akonplisman nan lavi. Kèlkeswa jan anbisyon ou ap pouswiv la bèl, si Jezi pa nan sant li, li p ap akonpli.

Gen yon gwo diferans ant vizyon ak anbisyon. Yon vizyon pote sou lavni yon moun ki jwenn enspirasyon li nan Bondye. Se plan Bondye genyen pou lavi ou. Anbisyon pote sou pwòp plan pèsonèl ou sou lavni ou. Se sa ou planifye pou vin ye. Li menm, li chita epi santre sou ou. Bondye se sous vizyon an, men ou menm ou se sous anbisyon an. Se ou menm ki detèmine ak mezire tan ak akonplisman anbisyon, men se Bondye ki detèmine tan ak akonplisman vizyon ak objektif li gen pou ou a. Pi bon sa ou ka espere lè ou akonpli anbisyon ou lan se satisfaksyon pèsonèl, men akonplisman vizyon sou lavi ou la pote satisfaksyon pou ou men tou pou tout moun nan anviwonnman ou ki anba enfliyans ou.

Moun ki kite se anbisyon ki kondwi lavi yo ka fini pa touye lòt moun pou yo ka reyalize objektif yo, yo ka menm rive detwi tout yon nasyon, tankou Hitler te fè a. Vizyon, an reyalite, bay lavi. Salomon te ekri pawòl sa yo, kote ki pa gen vizyon, moun pèdi. George Muller, yon misyonè nan Angletè nan diznevyèm syèk la, se yon gwo egzanp yon moun ki te viv nan vizyon Bondye. Rèv li se te pote lajwa nan kè òfelen. Li te bay tout sa li te genyen pou kòmanse yon òfelina, li te mete konfyans li nan Bondye pou tout detay. Objektif li se te pou glorifye Bondye epi chache byen lòt moun, san li pa t gade sou enterè pa l.

Tounen nan istwa David la: lè Samyèl te onksyone l kòm wa, se te yon deklarasyon objektif Bondye pou lavi David. Sepandan, akonplisman objektif sou David la ta pral rive kenz ane pita. Nan ane sa yo pandan li t ap tann nan, David te fè fas ak Golyat, Sayil te egzile li, li te kache nan dezè a, li te viv nan kouri, e li te goumen nan anpil batay. Pou rive viv anba tout sa, li te dwe kenbe je l sou vizyon an. Li te viv anpil difikilte pandan Bondye te chanje lavi l fe l soti de yon ti bèje pou l vin tounen yon wa.

Lè w ap mache nan objektif Bondye, pafwa ou ka pa wè korèlasyon ki genyen ant pwomès Bondye yo ak sa w ap viv nan prezan an. Bondye pa neglije ou. Pwomès Li sou lavi ou pa echwe. Li pwobab Li ap travay nan ou pou transfòme lavi ou pou pase de yon ti bèje an yon wa.

Ki pwomès Bondye te fè ou? Ki objektif ou? Kèlkeswa sa ou ap travèse, raple tèt ou chak jou vizyon Bondye te ba ou pou lavni ou lan. Objektif Li pou lavi ou ap akonpli.

Konsènan Plan sa a

Mache nan Objektif Bondye

Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.

More

Nou ta renmen remèsye Mount Zion Faith Ministry paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://mountzionfilm.org/