Mache nan Objektif BondyeEgzanp

Ou PaTwò Jèn !
Petèt ou santi ou twò jèn pou antre nan objektif Bondye pou lavi ou? Kite istwa David mete zèl nan do ou epi ba ou kouraj.
Bondye di Samyèl li regrèt li te fè Sayil wa sou Izrayèl. Li voye Samyèl ale kay Izayi, paske li te chwazi youn nan pitit gason Izayi yo pou vin wa nan plas Sayil. Samyèl te enpresyone lè l te wè pi gran pitit gason Izayi a ki sanble nèt ak yon potansyèl wa. Men, Bondye te di Samyèl, « Pa gade aparans li oswa wotè li paske mwen rejte li. Seyè a pa gade bagay moun yo gade. Moun yo gade aparans deyò, men Seyè a gade kè. » Epi Bondye di menm bagay la pou chak nan lòt pitit gason Izayi yo, ki te parèt devan Samyèl.
Finalman, Samyèl mande Izayi si li gen lòt pitit gason. ‘’Gen pi jèn nan yo’’ Izayi reponn. “Li ap pran swen mouton yo.’’ Samyèl di, ‘’Voye chache l; nou p ap chita jiskaske li rive.’’ David rive, epi rès la se istwa.
Li te klè kou dlo kokoye nan tèt Samyèl ak kisa wa Izrayèl la ta dwe sanble epi ki laj li ta dwe genyen. Men nou konnen, kritè Bondye yo diferan. Petèt ou menm tou, ou gen yon foto oswa yon delè nan tèt ou sou kilè ou panse ou pral pare pou sèvi Bondye. Mwen sonje mwen te di tèt mwen lè mwen te gen trèz an, pa t gen anyen yon timoun tankou mwen ta ka fè pou Bondye. Mwen ta dwe tann jiska lè m rive nan inivèsite. Men repons Bondye a te klè nan lespri m: « Poukisa ou pa kòmanse depi kounye a? » Sètènman mwen pa t gen sa ki nesesè pou kòmanse yon ministè. David pa t gen sa ki nesesè pou vin wa lè li te resevwa onksyon an. Li te dènye pitit gason. Okòmansman, li pa t menm envite nan reyinyon ak Samyèl la paske papa l te gade l trè ba kòm yon ti gadò mouton. Men verite a se, Bondye jis ap chèche moun ki pa gade sou pwòp fòs yo, men pito sou Li menm kòm Bondye. Pòl eksplike e di nou lagras Bondye a ase pou nou paske se li menm ki mete fòs li nan feblès nou.
Se Bondy eki te chwazi David senpleman paske li te gen kè moun Bondye t ap chèche a. Pran kouraj, ou pa twò jèn pou mache nan objektif Bondye sou lavi w la epi Bondye ka itilize ou menm si ou pa parèt kalifye selon kritè lèzòm. Epi sonje, sa pa fè de ou menm yon moun ki sòt, lè w refize swiv chemen san Bondye kanmarad ou yo pran an. Olye de sa, obeyisans ou anba lòd Bondye yo ki pouse ou sou wout objektif Li. Lè lòt moun pase ou nan betiz pou konviksyon ou, pa bliye menm fanmi David te meprize l – epi alafen yo te kanpe avèk respè nan prezans li. Pran kouraj! Lè ou kanpe fèm pou Jezi, se konsa w ap kòmanse vwayaj sou wout objektif ki tabli pou ou a.
Konsènan Plan sa a

Dekouvri, atravè lavi Jeremi ak David, kijan ou pa twò jèn pou kòmanse viv selon objektif ou te kreye pou li a, sèvi Bondye ak sa ou genyen ak kote ou ye. Aprann kisa sa vle di pou prepare pou objektif sa a, pwoteje l kont moun ki ta vle detwi l, epi prepare w pou viv yon vi ki gen sans, ki glorifye Bondye epi ki pote benediksyon pou mond lan.
More
Nou ta renmen remèsye Mount Zion Faith Ministry paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://mountzionfilm.org/
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Grandi Nan Sanktifikasyon

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Bondye pa ChatGPT

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a
