Priye pou Bondye gide wEgzanp

Ann priye, mande Bondye pou l prepare kè nou pou nou suiv li tout kote li mennen n. Paske Bondye bezwen pou n obeyi l menm jan nou bezwen pou l gide nou. Nou souvan pèdi wout nou, kidonk nou mande l pou l padone nou e pou l mennen nou wout li trase pou nou.
Papa, ou konnen ki chemen ou chwazi pou mwen. Ou konnen ki kote mwen dwe ale pou akonpli objektif ou te etabli pou mwen. Ou konnen chemen mwen ta dwe fè ak desizyon mwen ta dwe pran ki pral pèmèt mwen akonpli destine mwen.
Epoutan, menmsi mwen konnen volonte w, mwen souvan chwazi suiv pwòp wout mwen epi fè zafè pa m olye volonte w. Padone m paske m manke wè lwen epi limite potansyèl mwen pou m akonpli tout sa ou genyen pou mwen.
Mwen rekonèt mwen pa toujou suiv ou epi mwen chwazi fè pwòp wout mwen. Padone m, O Senyè, pou ògèy ki monte nan tèt mwen e ki fè m panse mwen pi konnen pase w, olye m chèche gidans ak direksyon w tout bon pou chak etap nan chemen an. Senyè, anseye m pou m koute epi obeyi. Nan non Jezi, amèn.
Ki desizyon ou te pran dènyèman ki te fè ou soti nan bon chemen an? Kisa w pral fè pou suiv Bondye nan fidelite?
Konsènan Plan sa a

La vie peut être parfois compliquée. Il peut être difficile de prendre la bonne décision ou de suivre la bonne direction. Si nous dépendons seulement de notre sagesse, nous risquons de faire de mauvais choix. Cependant Dieu ne nous a pas laissés pour notre compte. Il veut nous diriger et nous guider. Joignez-vous à l'auteur à succès Tony Evans et demandons à Dieu de nous diriger.
More
Plan ki liye yo

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Bondye pa ChatGPT

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Grandi Nan Sanktifikasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a
