Enfo Plan an

Swiv Jezi Medyatè nou anEgzanp

Following Jesus Our Mediator

JOU 1 SOU 7

Misyon Jezi an


Nan pwen sa nan lavi Jezi, rapò yo li tap pwopaje toupatou atrwavè rejyon an epi moun yo kotel te soti a nan vil Nazarèt pat ka tann pou yo wè. Poun reponn kesyon moun sa yo, Jezi, lè moman an te rive poul te fè lekti vèsè labib yo nan sinagòg la, li te louvri woulo a nan liv Ezayi epitou li li ansyen pwofesi ki pale de pwòp tèt li ak misyon li. Li te vini poul pote “bòn nouvèl” bay pòv yo, prizonye yo, avèg yo, ak moun ki te oprese yo. Lanmou Bondye a te menm rive bagay yo te plis pat bay enpòtans epie li te mete anplas yon plan poul sove moun sa yo—yon plan ki ta pral akonpli finalman nan lanmò ak rezirèksyon Jezi, medyatè pa nou.



Dapre yon nòt Etid Biblik Afrika pwovèb ak istwa yo ki gen tit “Verite ki pa Fasil yo”:


Moun Nazarèt yo te vire kont Jezi paske yo te panse se kondane Jezi tap kondane yo avèk referans li yo parapò ak moun Jantilis yo kite resevwa gras Bondye a olye de moun Jwif yo (Luke 4:23-28). Yon pwovèb Igbo nan zòn si-dès Nigeria di, “Lè yap pale de zo sèk, granmoun fanm yo toujou pa alèz.” 



Lè moun yo tande verite a sou pwòp lavi pa yo, yo gen entansyon pou yo vin pa alèz. Yon mesaj ki pa sekwe moun se petèt yon mesaj ki pa gen verite kap aplike pou moun kap tande yo. 



Pandan wap li Levanjil yo, ou kapab petèt ap konfwonte avèk difikilte nan sa kap di yo ak doulè reyalite a. Kle a se fè lekti epi konprann mesaj Kris la ak kèw tou louvri.



Refleksyon oswa Diskisyon


Kouman Jid dekri misyon pa li an? 



Nan ki chimen sa yo ou kapab aplike misyon pa li an nan laviw? 



Malgre misyon pa Jezi se poul pote Bòn Nouvèl, moun sa yo nan vil kote li te soti a te voyel jete. Poukisaw panse ke, malgre moun sa yo te etone parapò ak bon pawòl li tap pale yo, verite li tap pale yo te lakoz moun sa yo fache anpil? 



Èskew konn yon moun kap viv reyèlman san bòn nouvèl Jezi a? Kisaw kapab aprann de moun sa yo?


Jou 2

Konsènan Plan sa a

Following Jesus Our Mediator

Yon mandyan ki avèg kap rele byen fò san ankenn espwa bò wout la, yon fanm imoral ke politès sosyete a meprize kòm moun sal, yon anplwaye nan gouvènman an ki konwonpi ke tout moun rayi–kouman youn nan moun sa yo ki soti ...

More

Nou ta renmen remèsye Oasis International Ltd paskel pote plan sa. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: http://Oasisinternationalpublishing.com

Plan ki gen rapò avè l

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an