Women 4:18-22 - Konpare Tout Vèsyon yo
Women 4:18-22 HAT98 (1998 Haïtienne)
Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pat gen okenn rezon pou l te tann ankò. Se sa k fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo va anpil. Lè sa a, Abraram te vanse gen santan. Men konfyans li pa te febli lè li te wè kò li ap tchoule, epi madanm li Sara pa t'ap ka fè pitit. Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye. Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l te fè sa l te pwomèt la. Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l gras.
Women 4:18-22 VKF (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.” Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.”
Women 4:18-22 BDS (La Bible du Semeur 2015)
Alors que tout portait au contraire, il a eu confiance, plein d’espérance. Ainsi il est devenu le père d’une multitude de peuples conformément à ce que Dieu lui avait dit : Tes descendants seront nombreux . Bien qu’il considéra son corps, qui était comme mort – il avait presque cent ans – et celui de Sara, qui ne pouvait plus donner la vie, sa foi ne faiblit pas. Au contraire : loin de mettre en doute la promesse et de refuser de croire, il trouva sa force dans la foi, en reconnaissant la grandeur de Dieu et en étant absolument persuadé que Dieu est capable d’accomplir ce qu’il a promis. C’est pourquoi, Dieu l’a déclaré juste en portant sa foi à son crédit .
Women 4:18-22 PDV2017 (Parole de Vie 2017)
Il n’y avait plus d’espoir, et pourtant Abraham a espéré. Il a cru en Dieu et pour cela, il est devenu « le père de beaucoup de peuples ». Les Livres Saints le disent : « Ceux qui vont naître de toi seront très nombreux. » La foi d’Abraham est restée solide, pourtant il avait à peu près 100 ans. Et il le savait : son corps était déjà comme mort et Sara ne pouvait pas avoir d’enfant. Devant la promesse de Dieu, il n’a pas manqué de confiance. Au contraire, sa foi l’a rempli de force, et il a rendu gloire à Dieu. Il était sûr d’une chose : ce que Dieu a promis, il est assez puissant pour le faire. C’est pourquoi Dieu a reconnu Abraham comme juste.
Women 4:18-22 NIV (New International Version)
Against all hope, Abraham in hope believed and so became the father of many nations, just as it had been said to him, “So shall your offspring be.” Without weakening in his faith, he faced the fact that his body was as good as dead—since he was about a hundred years old—and that Sarah’s womb was also dead. Yet he did not waver through unbelief regarding the promise of God, but was strengthened in his faith and gave glory to God, being fully persuaded that God had power to do what he had promised. This is why “it was credited to him as righteousness.”